Mirlande H. Manigat ak Michel J. Martelly

Depi lontan, selon ansyen yo, se lavèy fèt ki pou di kòman fèy la pral pase. Si tan an leve an mal makak tout moun atan jounen p`ap bèl. Bòs la vann zouti, men li pa vann metye. Ki sans sa genyen ? Kisa sa vle di fas ak reyalite pèp ayisyen ap viv jounen joudi, kote nasyon sa a nan yon moman desizif pou fè yon chwa pou yon nouvo lokatè palè nasyon, malgre depi 12 janvye pase li menm  jan nou tout konnen li ye a ? aprè yon swadizan di premye tou eleksyon, nou tout konnen jan li te pase, 2 kandida rete e ap lite pou rive pran epi chita sou chèz palè a. Se Mirlande H. Manigat : konstitisyonalis, pwofesè inivèsite de karyè e de gran pèsonalite, demokrat pwogresis, ansyèn premyè dam elatriye, anplis yon pèsonalite rekonèt pou diyite ak eksperyans li ; ak Michel Joseph Martelly : mizisyen konpetan e de gran renon. Martely /Tisimòn, konsidere pou majorite kòm degoutan, imoral apati de mizik li yo. Tisimòn se pi ra vedèt ayisyen kip a gen okenn repè ou diyite imèn pou kalite mizik li.

Jounen jodi a, Martelly vini gen entansyon pou atenn pi wo nivo nan sosyete peyi Ayiti. 2èm tou, fasil fasil, nenpòt ti kwochi kole, li kapab sibitman devni prezidan peyi Ayiti. Larivyè pa janm bliye chemen li. Yon prezidan malelve, san respè pou konsitwa li, san eksperyans, pou sèten tèt plimo. Ki kote li pral ak yon peyi tankou Ayiti, ki fin pati ? Martelly , Haiti : Ki kote pèp Ayisyen pran la a ?

Anpil moun opine konsa : pèp ayisyen an pèdi konfyans. Twòp pawòl tafya anba bouch politisyen fo nasyonalis, souflantyou, pèpè, sanzave. Men !!!! èske se vre depi aprè Baby Doc, pèp sa a te janm rive fè yon bon chwa ? Konbyen eleksyon ki te rive reflete volonte oubyen vòt pèp ayisyen an ? Yo di tout se menm, èske se vre ? Antouka ! Hmm !

Men yon lòt bò mwen pa ta kwè yon moun k`ap kouri pou yon sèkèy ta ka kouri rantre nan yon semityè pou kache. Pèp sa a ta dwe voye zye sou zèpòl li pou fè yon lòt kout zye pou wè sa k`ap pase. Nou pa kapab ap kouri pou rigòl epi n`al lage kò nou nan lanmè. Sa a pa gen sans.  Tout moun se moun men tout moun pa menm. Pale de kandida pou prezidans, Mirlande ak Martelly pa menm ni sou zafè konpetans, ni sou entèlijans, ni sou eksperyans, ni pou diyite …  Chwazi pou chwazi, n`ap chwazi konpetans, entegrite, diyite, eksperyans…

Gade byen avan w` chwazi.

À propos Le Jour
Toutes les actualités du monde en une minute!

Laisser un commentaire